About The Movement

Kesyon moun poze souvan

K: Ki sa mouvman pou timoun Florid la ye?

R: Mouvman pou timoun Florid se yon mouvman sitwayen ap mennen ki pa mele ak okenn pati politik, pou ranseye lidè politik yo ak lidè sektè komès la – ansanm ak tout paran ki rete nan Eta a – sou ijans ki genyen pou yo pote gwo amelyorasyon nan fason nou pran swen timoun nou yo.

Sa nou vle reyalize se ankouraje popilasyon an ak lidè Florid fè byennèt ak edikasyon pitit nou yo bagay ki pi enpòtan pou Eta Florid la, sitou lè se kesyon konsènan envesti mwayen leta genyen nan pwogram ki pote gwo chanjman nan lavi timoun ak nan avni yo.

K: Pou ki sa li nesesè?

R: Dapre prèske tout prensip ki tabli ki pa nan patipri, Florid fè move nòt tout jan nan fason nou envesti nan timoun.

K: Èske w kab bay kèk egzanp?

R: Men de twa:

  • Plizyè mil nan timoun nou yo pa gen asirans maladi.
  • Pwogram Eta a genyen pou prepare timoun anvan yo antre nan kindègadenn pa respekte pi fò prensip ki tabli nan tout peyi a.
  • Yo mal kowòdone Pwogram egzamen depistaj ak tretman yo fè byen bonè pou timoun ki bezwen swen espesyal. Pwogram sa yo pa fasil pou moun jwenn yo epi kalite a pa menm pou tout moun.
  • Yon ka nan elèv segondè nan lekòl leta nou yo pa diplome.
  • Biznis ak òganizasyon kominotè Florid yo pa pran angajman pou yo kore pwogram ki la pou bay timoun bon konsèy ak pwogram ki la pou ede paran ogmante ladrès yo.

K: Ki sa ki enpòtan nan ka sa a?

R: Se pa ni plis ni mwens pase avni ekonomik Eta kote nou rete a ansanm ak estabilite, pwoteksyon ak sekirite tout kominote kote nou rete yo.

Si tout echèk sa yo rete san moun pa korije yo, fado ekonomik ak fado sosyal yo pote yo kapab vin twòp pou moun atò. Paregzanp, plizyè etid yo fè montre nou, $1 yo depanse nan bon jan pwogram edikasyon timoun piti kapab fè sosyete a ekonomize $4 nan depans ki fèt pou gen plis prizon, plis lapolis ak plis pwosè nan tribinal, plis pwogram mezon koreksyon epi nan plis dèt pou swen sante. Met sou sa, gwo rechèch enpòtan fè nou konnen 90 pousan devlopman sèvo moun fèt anvan yo gen 5 an. Si timoun se avni nou, alò èske Florid pa ta dwe envesti plis nan yo nan moman ki pi enpòtan an – nan premye ane nan lavi yo?

K: Ki kalite pwogram nou genyen nan lide nou?

R: Nou gen tan wè 5 kote leta ta dwe enterese plis an premye epi pou yo pase alaksyon: Mwayen pou timoun jwenn swen sante. Egzamen ak tretman pou timoun ki bezwen swen espesyal. Okazyon pou timoun jwenn bon jan preparasyon anvan yo antre nan kindègadenn. Bon jan pwogram leson. Kad ak ranseyman pou paran.

K: E pou kesyon edikasyon primè ak segondè menm?

R: Nou dakò pou Eta a pran gwo angajman pou li finanse yon edikasyon wo nivo pou tout timoun. Timoun nou yo merite sa paske yo se richès nou ak avni nou tou. Gen anpil fondasyon, konsèy administrasyon lekòl, òganizasyon pwofesè, asosyasyon paran ak lòt òganizasyon ki deja ap travay pou atenn objektif sa yo. Mouvman pou timoun Florid pare pou li pote sa ki manke nan batay k ap fèt pou kore pwogram ki enpòtan anpil pou timoun pandan yo tou piti.

K: Ki moun k ap dirije mouvman sa a?

R: Men lidè yo:

  • David Lawrence Jr., prezidan òganizasyon The Early Childhood Initiative Foundation, prezidan fondatè Children's Trust (Fon pou Timoun yo), gran save nan inivèsite nan kesyon devlopman ak preparasyon timoun piti nan University of Florida, epi ansyen responsab piblikasyon jounal The Miami Herald.
  • Roberto Martinez, ansyen Komisè Gouvènman nan Sid Florid, manm Florida Board of Education (Konsèy Administrasyon Edikasyon Florid), epi li yon asosye nan kabinè avoka Colson, Hicks, Eidson ki nan Coral Gables.

Lawrence ansanm ak Martinez ap dirije yon komite kanpay 27 manm ki kòmanse fè planifikasyon epi k ap sipèvize mouvman an depi an 2009.

K: Kouman nou pral reyalize objektif nou?

R: Apre plis pase 20 mwa rechèch ak planifikasyon, gen yon gwo efò k ap fèt kounye a pou rasanble sipò toupatou nan Eta a pou Mouvman pou Timoun Florid yo ak tout sa mouvman an vle reyalize yo, pou amelyore efò sa yo, epi rann yo pi solid.

An septanm 2010, Mouvman pou Timoun Florid yo te òganize 17 gwo rasanbleman “Fèt Lèt” (“Milk Party”) ak lòt aktivite sot nan yon bò Eta a rive nan lòt bò a, soti Pensacola kannale desann rive jouk Key West.

Gen plis pase 15.000 moun ki te al nan rasanbleman sa yo pou montre kòman sa enterese yo ak kouman yo chofe pou sa nou vle reyalize yo. Anvan Mouvman pou Timoun Florid fin fè tout tou li tap fè a, li gen tan jwenn 72.354 adrès bwat imel ak plizyè mil nimewo telefòn selilè.

Met sou sa, repòtaj laprès te anfòm – e an jeneral yo tout te sipòte nou. Anpil jounal te pale de rasanbleman an nan premye paj, tou le 10 pi gwo jounal Florid yo pibliye editoryal pou di yo kore mouvman an epitou yo te difize plizyè douzèn repòtaj radyo ak televizyon, tankou yon pati yo te difize nan tout peyi a sou pwogram CNN ki rele CNN's Situation Room with Wolf Blitzer.

Gwo lavalas sipò sa a vin kore efò n ap fè pou konvenk lidè politik, dirijan biznis ak dirijan relijye yo pou yo bay koze ki gen rapò ak afè timoun plis priyorite nèt.

K: Kouman w fè konnen sa pral mache?

Gwoup la te fè yon esè ak yon pwojè pilòt nan Palm Beach County nan mwa d avril ak mwa d me 2010. Dapre sondaj yo te fè anvan epi apre pwojè pilòt la te montre lè yo fè yon seri aktivite kominotè – ansanm ak bon jan enfòmasyon atravè medya yo – sa fè plis moun vin okouran kouman pwogram pou timoun yo pa mache nan Eta Florid epi sa vin fè plis moun bay sipò yo pou mouvman timoun nan, nan tout Eta florid la. Ou kab li dènye rapò a la a.

K: Ki sa k ap vin apre sa?

R: Dapre reyisit nou fè ak pakou “Fèt Lèt” la, michan sipò nou jwenn nan men òganizasyon popilè yo ak angajman lidè nan chak zòn ki byen plase kounye a nan chak gwo rejyon ak nan chak gwo vil an Florid, Mouvman pou Timoun Florid montre klè li gen mwayen pou li aji sou sistèm gouvènman ak sistèm lejislatif Eta Florid nan koze ki konsène timoun ak fanmi yo.

K: Èske n ap sèvi ak lajan taks pou travay sa a?

R: Nou pap sèvi ak okenn lajan taks nan okenn faz pwojè sa a.

K: Enben, kouman nou pral peye pou pwogram nan?

R: Mouvman pou Timoun Florid ki nan tout Eta a jwenn finans nan kotizasyon dirijan mouvman an ranmase. Pwojè pilòt ki te fèt “Palm Beach County” a, se Fondasyon Kelòg “The W.K. Kellogg Foundation” ki te finanse li. Fondasyon Kèlòg se yon òganizasyon k ap ede timoun, fanmi ak kominote.

K: Èske w ap mande pou yo fè moun peye plis taks pou amelyore pwogram timoun yo ak lòt gran envestisman sa yo nan devlopman timoun ki viv nan Eta florid?

R: Nou pap mande pou yo fè moun peye plis taks nan tout Eta Florid la. Sa n ap mande pito, se pou yo bay koze ki konsènen timoun pi gran priyorite ak yon pi gwo pati nan mwayen nou deja genyen yo.

K: Bon, ki lòt priyorite ki pral jwenn mwens sipò pou yo kab jwenn kòb pou mete nan pwogram timoun yo?

R: Sa depann de senatè ak depite nou yo ak lòt dirijan yo eli pou yo koute sitwayen Florid yo epi pou yo fè sa sitwayen yo mande yo fè kon lè a rive pou yo depanse resous piblik yo.

K: Èske n ap sipòte kandida politik?

R: Non. Sa se yon kanpay edikasyon ak ranseyman. Nou ann espwa moun Florid ap koute mesaj nou pote a. Nou ann espwa y ap enskri nan mouvman sa a epi yo pral travay nan fason nou li yo a ak nan lòt fason yo wè ki bon, yon fason pou fè yo mete mwayen leta ak mwayen prive ki nesesè yo apa pou sa. Kon sa n ap sèten gen mwayen pou byen okipe resous ki pi enpòtan pou nou yo – pitit nou yo.

Si w bezwen plis ransèyman, tcheke sit wèb nou an - www.childrensmovementflorida.org

Copyright © 2012 • The Children's Movement of Florida • 3250 SW Third Avenue • Miami, FL 33129 | Site Map | Privacy Policy

Powered by ARCOS | Design by Plus Three