Research

Laji posiblite pou moun antre nan pwogram ankadreman nan Florida ki bay rezilta

Laji posiblite pou moun antre nan pwogram ankadreman nan Florida ki bay rezilta

Tout timoun bezwen gen granmoun ki sousye de yo nan lavi yo, pou gide yo, pou sèvi yo modèl, pou ba yo apui sou plan emosyonèl, epi pou montre yo nouvo esperyans. Relasyon san rete sa a ki dwe genyen ant timoun yo ak granmoun ki sousye, ki kapab epi ki deside, se relasyon ki mache ak ogmantasyon kantite timoun k al lekòl, ogmantasyon pousantaj timoun ki gradye, rediksyon kantite timoun ki nan pran tafya ak dwòg, sa ede timoun konsidere lavni pi byen epi sa diminye pwoblèm move konpòtman, tankou bay lòt brimad.

Pwogram ankadre timoun yo mete bon koneksyon ant timoun ak granmoun ki sousye de yo, epitou sa kreye yon chapant ki alabaz relasyon ki fè ka de timoun. Anpil pwogram pou ankadre timoun genyen yon pi gwo kantite sipò pou timoun ak jenn moun kote n ka jwenn fòmasyon sou jan pou debat nan lavi a, leson patikilyè nan lekòl, èd finans pou inivèsite ak egzijans pou sèvis anndan kominote a.

Yon angajman kon sa kapab enpòtan sitou pou timoun ki pi frajil yo ki plis rete kote ki gen estrès, ki pa jwenn twòp modèl pou yo suiv epi ki pa jwenn anpil opòtinite pou yo ta fè esperyans tou nèf ki pèmèt yo fè tèt yo travay. Etid sou envestisman kalkile gen 489 dola benefis ki fèt sou chak grenn dola yo envesti nan pwogram ankadre timoun, avèk sèten nan etid sa yo ki montre benefis yo konn rive jiska 8,18 dola pou pwogram yo prepare espesyalman pou diminye krim jenn timoun ki pi frajil nan sosyete a konn fè nan vòlè afè moun.

Gen yon lè Florida te nimewo 1 nan peyi a nan kesyon ankadre timoun, kote l te kreye 200 000 relasyon atravè yon pwogram gouvènè a pou ankadre timoun, gouvènè Jeb Bush te mete sou pye an 1999, epi atravè tout Eta a ni sektè piblik ni sektè prive te adopte li. Tout biznis nan Florida te koumanse kore travay ankadreman sa a epitou yo ankouraje li bò kote anplwaye yo, gen yon lwa administratif Kabinè a pase ki bay anplwaye leta yo jiska senk èdtan kòm konje administratif chak mwa pou yo kab fè travay ankadreman pou timoun, e gen anpil lòt kote ki swiv mouvman sa a.

Malerezman, pandan dènye ane sa yo, finansman pou pwogram ankadreman timoun diminye, kote l tonbe a 14 milyon dola nan fon resèt jeneral Eta a epi a 1,18 milyon dola nan fon gouvènman federal la te bay kòm don, an 2009. Ankadre timoun pa gen anpil enpòtans ankò pou dirijan nan Florida yo, e sa vin diminye kapasite pwogram nan, kounye a ki pote non Florida Mentoring Partnership, pou reprann gwo pwojè sa a ki vle rive lwen an.

An 2009, etid transvèsal ki fèt chak lane sou Florida Mentoring Partnership te fè konnen 195 041 jenn timoun te benefisye pwogram ankadreman kote yo rankontre chak moun apa, 16 325 lòt te pran pa nan ankadreman an gwoup, epitou 780 jenn pran pa nan pwogram ankadreman sou entènèt. Pami konpayi ki gen pwogram ankadreman de baz ki nan Florida, nou jwenn: Big Brothers Big Sisters, Take Stock in Children, Teen Trendsetters, Best Buddies, Boys and Girls Clubs, ak YMCA.

Florida Mentoring Partnership ta dwe jwenn plis finansman epi l ta dwe travay pou l reprann menm demach travay ki te fè Florida nimewo 1 yon lè nan kesyon ankadre jèn yo. Pami demach travay sa yo, nou jwenn: Mande sektè piblik ak sektè prive pou yo bay anplwaye yo pèmisyon pou yo fè travay ankadreman. Konsantre sou lekòl ki gen elèv ki pi frajil yo. Kowòdone pwogram ankadreman ki egziste pou kab garanti yon bon pasaj san traka pou timoun yo etan y ap grandi pou kite pwogram ankadreman an – epitou, depi sa posib, pou y ale nan lòt pwogram ankadreman pou lòt gwoup timoun. Ogmante lajan finansman pwogram ankadreman ki montre yo ka bay bon rezilta lè yo byen analize yo.

Ankadreman se yon bon demach ki koute anpil lajan men ki bay rezilta, li kab fè gwo gwo diferans nan lavi jèn nou yo. Florida te nimewo 1 nan kesyon ankadre moun e li ka vin reprann plas li ankò atravè konsantrasyon l nan domèn nan, kapasite pou l dirije epi finansman. Envestisman sa a gen kapasite pou l amelyore chans jèn nan Florida pou yo gen yon demen miyò.

Copyright © 2012 • The Children's Movement of Florida • 3250 SW Third Avenue • Miami, FL 33129 | Site Map | Privacy Policy

Powered by ARCOS | Design by Plus Three