Asirans sante
Asirans maladi pou timoun nan Florida
San pawòl anpil: Florida twouve l nan 49yèm plas nan peyi a nan pousantaj kantite timoun ki pa gen asirans, e gen yon dènye rapò ki bay Eta nou an dènye plas la. Plis pase 18 pou san timoun nou yo – apeprè 800 000 moun ki pi jenn nan Florida, sitwayen ki pi frajil yo – pa gen asirans maladi.
Echèk sa a fè timoun nou yo mal, epi sa vin ajoute sou chaj pwoblèm ekonomik ki deja sou do fanmi nan Florida.
Sa pa aseptab. Kounye a se lè pou n aji. Florida dwe bay tout pitit li yo bon jan swen sante ki byen kòdone.
Etid sou etid fèt pou montre timoun ki pa gen asirans maladi pa resevwa swen yo ta dwe resevwa. Gen yon timoun sou chak timoun ki pa gen asirans ki pa gen yon kote regilyè yo kab al pran swen, lè yo konpare sa ak sèlman 7 pou san timoun ki gen asirans. Rezilta a sèke timoun ki pa gen asirans pa ka chache tretman rapid lè yo malad, epitou lè yo resi ale nan yon lopital nan Florida, yo gen yon fwa edmi chans pou yo mouri pase timoun ki gen asirans.
Lè nou kòm abandone yon timoun sou chak senk timoun san asirans, nan Florida, se pa sante yo sèlman ki an danje, nou bloke siksè yo tou epi nou toufe kwasans ekonomik Eta nou an. Rechèch ki fèt montre moun ki te viv an bòn sante lè yo te timoun rive fè plis lajan e yo fè plis ekonomi, yo bay plis rannman, epi yo mwens depann de zèv sosyal “wèlfè” ak èd gouvènman.
Timoun ki pa gen asirans sante pap sèlman pèdi opòtinite pou yo ta reyisi nan lavi yo – men tou yo vin lakòz gen move konsekans sou ekonomi Eta nou an jounen jodi a. Timoun ki pa gen asirans plis ale lopital pou pwoblèm moun ta kab evite si timoun nan te konn resevwa bon jan swen de baz, epi yo gen mwens chans reyisi lekòl.
Lè timoun sa yo bezwen swen medikal, piblik la peye pou swen “gratis” sa yo. Sa sa koute pou swen ki gratis sa yo pou timoun ak granmoun ki pa gen asirans, nan Florida, se anviwon 2,9 milya dola an 2005 e l ap monte rive plis pase 4 milya dola an 2010. Pou ede peye bagay sa a, chak fanmiy ki gen asirans nan Florida twouve yo peye yon 1 400 dola anplis nan lajan asirans san yo pa konnen, epitou chak grenn moun ki asire nan Florida peye 510 dola anplis san yo pa konnen.
Men de fason pou korije bagay sa:
- Nou dwe fè tout timoun nan Florida jwenn asirans. Pi fò nan timoun Florida ki pa gen asirans deja kalifye pou Florida KidCare, pwogram asirans sante Eta nou an pou timoun ki pa gen asirans prive, men anpil paran pa konnen pitit yo kalifye pou bagay sa a oswa yo gen dwa pa konnen ki jan pou yo enskri nan pwogram nan. Nou dwe lanse yon gwo efò ki soti alabaz, nan laprès, pou n ka sire n tout fanmiy nan Florida konnen ki jan KidCare fonksyone, epi pou yo kab enskri si yo kalifye. Lè fini tou nou dwe laji kad kalifikasyon pou antre nan KidCare pou timoun ki pitit anplwaye leta ak fanmiy ki tonbe nan kategori 201 a 300 pou san nan liy povrete pou peyi a, yon fason pou yo kab pwofite èd lajan leta bay la epi pou n enskri plis timoun nan pwogram nan.
- Nou dwe asire n timoun genyen sa yo rele “kay medikal” yo. Sa vle di pou n gen yon reskonsab swen ki konnen timoun nan, ki kab ale nan dosye li sou kesyon sante epi ki kab asire l gen bon kowòdinasyon nan swen yo. Swen ki kowòdone redui sou kantite lajan ki ta dwe depanse, paske yo ni fè gen pi bon prevansyon yo ni limite pou pa gen 2 swen pou yon menm bagay. Gen plizyè ane de sa, Kawolin di Nò lanse yon efò pou swen ki kowòdone ki pèmèt Eta a fè ekonomi yon kantite lajan ki fè moun sezi, sa vle di 231 milyon dola pandan ane fiskal 2005 ak ane fiskal 2006.