Research

Bezwen espesyal

Fè egzamen epi trete timoun ki andikape nan Eta Florid

Lavni Florida depann de timoun li yo e nou menm nou gen obligasyon pou n ede yo devlope tout kapasite yo genyen. Malerezman, apwòch nou fè pou n ede plizyè nan yo – sitou 12 pou san yo kalkile ki gen bezwen espesyal yo – pa sifi.

Echèk nou fè nan ede timoun ki gen bezwen espesyal se bagay ki fè pi jenn sitwayen nou yo ditò epi sa ajoute sou pwoblèm ekonomik fanmiy nan Florida deja genyen. Pri sa yo se ogmante y ap ogmante pi devan, lè timoun jodi pa rive devlope pou yo reyisi nan lavi lè yo gran.

Anpil timoun gen bezwen espesyal, swa pandan yon tan swa pandan tout lavi yo. Lòt timoun ki frajil kapab evite pou yo vin gen andikap pou toutan, si yo jwenn èd depi nan bonè. Enfòmasyon ak sipò – sou entènèt, nan telefòn ak nan mitan kominote a – kapab ede paran gide pitit yo nan mitan gwo defi sa yo epi pou tèt yo kab poze.

Lè yo pa trete timoun ki gen bezwen espesyal sa kab koute chè pi devan. Timoun ki pa jwenn èd bonè, yo gen plis difikilte pou yo reyisi nan lavi epi se yo ki plis tonbe nan pwoblèm. Gen kalkil ki montre lè yo konsilte timoun ki gen bezwen espesyal bonè epi yo trete yo sa kab pèmèt sosyete a fè ekonomi ant 30 000 ak 100 000 dola pou chak timoun alalong.

Rechèch Washington Economics Group mennen montre chak dola Eta a depanse pou amelyore sante timoun epi pou yo ka viv pi byen vin kreye yon sòm total ki egal a 4,55 dola nan pwodiksyon ekonomik. Sa fè yon benefis 455 pou san sou envestisman yo.

Malerezman, gen twòp paran ki remake gen yon bagay ki pa mache lakay pitit yo, men yo pa konn ki jan oswa ki kote yo ka jwenn èd. Nou ta dwe mete konesans sa yo alapòte tout paran pou yo kab evalye pitit yo epi pou yo jwenn enfòmasyon itil si gen rezon pou yo enkyè.

Nou pwopoze pou yo lanse pwogram pou devlopman timoun ki rele Parent Portals to Healthy Child Development sou entènèt, nan telefòn, anndan kominote a, epi nan nouvo medya ki genyen. Sa yo se bon jan mwayen pou moun jwenn enfòmasyon ki kab mete yon manman oswa yon papa ki enkyè alèz. Pou kounye a, sèten paran pa konnen ki jan pou fè verifye pwogrè devlopman pitit yo. Pwogram sou entènèt Parent Portal to Healthy Child Development bay paran posiblite pou yo konnen tès sa yo nenpòt ki lè lajounen kou lannuit. Depi gen konsantman pou sa, rezilta tès yo kab ale jwenn responsab swen pou timoun nan tou dwat.

Nou dwe etann sèvis ki fè prèv yo mache, tankou sèvis Early Steps ak Child Find. Twòp timoun pa jwenn ase atansyon akoz kontrent ki genyen nan egzijans pou yon moun kalifye, twòp moun k ap tann, pa gen ase espesyalis epi gen fay nan jan pwogram nan epapiye nan Eta a.

Apre sa, nou dwe entèvni bonè ak tretman ki fè prèv yo. Florida dwe chèche solisyon pou pwoblèm pèsistan sa yo: Absans kòdinasyon nan nivo tout Eta a pou sèvis yo dwe bay ak finansman k dwe fèt. Yo pa rive pataje sèvis ki bay meyè rannman yo. Fay nan sèvis yo. Yo pa asire pèsonn y ap jwenn sèvis lè yo dwe jwenn ni. Pa gen ase bon done pou evalye rezilta yo.

Nou dwe kreye yon sèl enstitisyon ki reprezante paran, ajans nan Eta a, espesyalis nan devlopman timoun ak moun ki konn bay swen epi nou dwe travay pou n devlope yon baz done sou pi bon sèvis yo bay moun, sou sèvis ki egziste ak kondisyon pou moun kalifye pou swen yo, sou zòn kote k dwe jwenn sèvis ak sou done evalyasyon.

Ak bon envestisman kon sa, Florida kab transfòme pou l tounen yon Eta ki devan nèt nan tout peyi a, nan zafè fè pwomosyon timoun ki an sante. Sa kab bay timoun zouti yo bezwen epi yo merite tou pou yo gen bon jan opòtinite epi sa ap bese fado taks sou do fanmiy nan Florida.

Copyright © 2012 • The Children's Movement of Florida • 3250 SW Third Avenue • Miami, FL 33129 | Site Map | Privacy Policy

Powered by ARCOS | Design by Plus Three