Research

Paran konpetans building

Devlope ladrès pou elve timoun nan Florida

Tibebe kòmanse rann yo kont sa k ap pase toutotou yo apati moman yo fèt la epi sèvo yo devlope rapid rapid – oswa li manke devlope – selon motivasyon yo jwenn. Paran jwe wòl ki pi enpòtan epi ki bay plis fòmasyon, timoun genyen nan lavi yo. Enpòtans granmoun ki gen amou, ki prèt pou ede epi ki sousye, nan lavi timoun, se bagay ki enpòtan anpil pou timoun yo devlope an sante.

Men tou, leve timoun kapab bay traka, fè tèt moun cho. Tout paran gen kesyon y ap mande tèt yo konsènan pitit yo, men se pa tout paran ki jwenn bon kote yo sèten ki ka ba yo repons yo bezwen. Anplis sa, lè n gade tout pil kantite nouvo rechèch k ap fèt depi ven dènye ane yo, ansanm ak nouvo konsepsyon moun gen sou devlopman timoun, tout paran kapab benefisye apati enfòmasyon ak apui etan y ap elve pitit yo.

Rechèch ak esperyans kounye a kapab pwouve bon jan enfòmasyon pou paran kab fè diferans pou tout fanmi. Yo prepare demach pou paran fè yon fason pou ogmante konesans paran nan kesyon devlopman timoun, pou bay egzanp sou bagay ki san danje epi ki bon pou sante yo dwe fè ak timoun, pou bay paran ladrès pou kontwole pwoblèm nan afè elve timoun epi pou vini ak bon sipò nan tan difisil yo, nan kad demach ki fèt pi souvan.

Gen yon kantite kou pou bay paran plis ladrès pou elve timoun ki kalkile avantaj ki genyen nan patisipasyon nan pwogram yo, nan konpare rezilta moun ki patisipe ak pa moun ki pa patisipe. Pwogram ki fèt pi souvan montre pou chak grenn dola ki depanse nan pwogram pou bay paran plis ladrès, moun k ap peye taks kapab fè ekonomi 3 dola pi devan nan depans yo pral fè pou tretman oswa remèd pou korije sa k dwe korije, avèk prèske 6 dola kòm benefis sou chak dola ki depanse pou ede manman ki pi frajil yo. Youn nan plizyè bagay yo dekouvri ki enpòtan: Timoun ki gen paran ki te patisipe nan pwogram sa yo te fòme yon pousantaj 22 pou san moun ki mwens ta vin komèt yon krim pi devan.

Men tou, nan Florida, anpil fwa paran yo pa konn ki kote yo kab jwenn enfòmasyon. Kòm yon pati nan kanpay piblik jeneral pou atire atansyon moun sou enpòtans devlopman timoun bonè ak swen ki byen mache, nou dwe ni bay ni pibliye liy telefòn nan tout Eta a, ak sit entènèt ann angle, panyòl ak kreyòl. Sèvis sa yo dwe suiv modèl ki reyisi, tankou sa nou jwenn nan Miami-Dade County ak lòt kote nan Eta a, epi fò yo disponib nan tout Eta a gratis pou tout fanmiy.

Malgre konesans sou devlopman timoun se yon bagay ki gaye nèt pandan ven dènye ane sa yo, anpil fwa paran pa konsyan de sa yo konnen pou kounye a sou meyè fason pou yo kore devlopman timoun. Poutèt sa, fò n mete enfòmasyon sou devlopman timoun disponib pou fanmiy ki vle pran enfòmasyon sa yo sou imel tanzantan dapre dat nesans pitit yo.

Sa k pi enterese nou se devlopman timoun depi bonè, men tou nou konnen paran timoun ki pi aje yo ak adolesan gen pwoblèm espesyal pou yo ta jwenn enfòmasyon ki itil. Nou pwopoze pou n ta travay ak yon òganizasyon ki rele GreatSchools pou n ka fè pwogram leson sou leve timoun li genyen sou entènèt yo vin disponib pou tout moun. GreatSchools devlope yon aktivite ki rele College Bound, yon pwogram videyo ak medya sosyal sou entènèt ki ede paran pran ladrès yo bezwen pou ede pitit pitit yo reyisi lekòl depi nan preskolè rive nan fen lekòl segondè.

Copyright © 2012 • The Children's Movement of Florida • 3250 SW Third Avenue • Miami, FL 33129 | Site Map | Privacy Policy

Powered by ARCOS | Design by Plus Three