Pou rann pwogram VPK
Pou rann pwogram VPK nan Florida a pi bon
An novanm 2002, sitwayen nan Florida te vote an favè yon amannman konstitisyonèl pou ofri pwogram volontè anvan jaden danfan ki rele VPK (voluntary pre-kindergarten) pou tout timoun nan Eta a ki gen laj 4 an. Plis pase 160 000 timoun ki gen 4 an, sa vle di apeprè 69 pou san nan popilasyon ki kalifye pou sa a, patisipe kounye a nan pwogram sa a, ki koute Eta a plis pase 366 milyon dola chak ane.
Florida te koumanse pwogram sa a ki nan tout Eta a nan yon ti tan kout epi ak yon bidjè ki limite, sa ki vin lakòz Eta a rive respekte kat sèlman nan 10 prensip estanda yo konseye pou moun suiv nan tout peyi a, epi Eta a nan 34yèm pozisyon sèlman pami 38 Eta nan finanse elèv lekòl. Alòske bagay sa a pèmèt yon fondasyon solid tabli, fason VPK fèt la ak finansman li resevwa montre moun pa ka twò konte sou Florida pou yon edikasyon preskolè bon kalite ki reyisi. Estanda yo senpman twò ba epi ranbousman pa elèv la pa sifi pou ta gen bon kalite pwogram yo ofri toutan, jan yo te pwomèt sa o depa.
Plizyè analiz ekonomik montre avantaj ki genyen ni tousuit ni pou lavni pou yo envesti nan bon kalite pwogram preskolè– yo montre plizyè fwa lè n envesti nan bon kalite edikasyon preskolè se yon bagay ki gen anpil anpil avantaj ladan.
Gen rechèch yo fè ki obsève patisipan yo byen jis yo vin gran ki montre gen jiska 17 dola benefis pou chak grenn dola yo envesti nan bon kalite edikasyon preskolè. Benefis sa yo soti nan ogmantasyon bon jan rannman lekòl ak kantite timoun ki diplome nan fen etid segondè, nan mwens move tretman timoun ak kantite timoun yo konn abandonnen, nan depann de èd leta mwens, nan ogmantasyon kantite lajan granmoun kab fè, epi nan mwens kontak ak sistèm lajistis.
Se pa sèlman nan nivo lekòl ou jwenn avantaj nan bon kalite pwogram preskolè. Difèt 90 pou san nan devlopman sèvo moun rive fèt pandan senk premye lane nan lavi yo, lè timoun kòmanse fè esperyans aprann bonè, sa ba yo yon baz pou yo gen anpil bon rezilta pi devan.
Gen yon etid nasyonal ki fè n konnen si 100 timoun gen difikilte pou yo fè lekti nan fen premye ane lekòl yo, n a sezi konnen 88 pou san nan timoun sa yo ap toujou gen pwoblèm pou yo li nan fen katriyèm ane lekòl yo. Kapasite timoun genyen pou yo li nan fen katriyèm ane lekòl yo kapab pèmèt nou prevwa pwoblèm konpòtman pi devan, kesyon rannman yon fason jeneral, fini lekòl segondè, epi pwoblèm ak lajistis.
Gen rapò espè fè ki montre timoun ki patisipe nan bon kalite pwogram pou timoun aprann depi nan bonè, yo gen plis chans pou yo montre yo gen kontwòl tèt yo, yo plis kab viv an sosyete, fè zanmi epi yo fè mwens dezòd nan klas.
Doktè James Heckman, ki yon loreya pri Nobèl pou Ekonomi ki travay nan Inivèsite Chikago, rive rezime rezilta plizyè dizèn lane rechèch sou jan pou yo antreteni kapasite pwodiksyon moun, ak pawòl sa yo: “Vrè kesyon an se ki jan pou n itilize finansman ki disponib yo byen. Pi bon prèv yo apiye sa yo vle fè an jeneral: Envesti nan pi piti yo.”
Noun ki abite nan Florid vote pou fè chanjman nan Konstitisyon Eta a yon fason pou bay chak timoun ki nan laj 4 an opòtinite ki garanti yon bon kalite esperyans preskolè, yo rekonèt avantaj ki gen nan sa. Pou kenbe pwomès garanti sa a, yo dwe ogmante estanda nivo sèvis pou timoun ak kantite finansman pou chak elèv, yo dwe ba yo sans reskonsablite ak fason pou yo devlope kapasite yo, yo dwe pase men nan sistèm transparans la epi yo dwe konplete sistèm kontwòl enfòmasyon an.
Si Florida rive ranpli tout etap rekòmandasyon sa yo apre yon sèten tan, Eta a kapab asire l timoun piti pi byen prepare pou yo reyisi lè yon kòmanse al lekòl – ni nan lekòl ni nan lavi a. Los floridanos reconocieron la importancia de la inversión temprana cuando votaron para enmendar la Constitución estatal que garantizaba a todos los niños de 4 años la oportunidad de asistir a un preescolar de alta calidad. Para cumplir con la promesa de esta garantía, hay que aumentar los fondos estándares por alumno y hay que proveer más liderazgo y fomento, hay que revisar el sistema de responsabilidad y hay que completar el manejo del sistema de datos.
Siguiendo paso a paso estas recomendaciones, con el tiempo, la Florida podrá asegurar que los niños pequeños comiencen mejor preparados para el éxito en la escuela y en la vida.